Skip to main content

N ap fè sa pi fasil pou konsomatè ki gen konpetans limite nan anglè jwenn enfòmasyon

Lè ou gen pwoblèm lajan sa kapab fè ou pè epi fè ou santi ou kraponnen. Santiman sa yo ka vin pi fò toujou lè enfòmasyon sou lajan pi enpòtan yo pa nan lang prensipal ou.

Nan CFPB, nou vle pou tout konsomatè yo kapab jwenn pwodwi ak sèvis finansye yo, sa gen ladan konsomatè ki gen konpetans limite nan anglè – e sa vle di n ap kòmanse pa fè pwòp resous pa nou yo vin jis, san patipri, fasil pou jwenn ak fasil pou konprann.

N ap kite bezwen konsomatè LEP yo sèvi nou kòm gid

Depi CFPB te tabli an 2011, nou toujou obeyi Dekrè Egzekitif 13166 la, ki egzije pou ajans federal yo bay 25 milyon rezidan nan Etazini yo ki gen konpetans limite nan anglè (LEP) mwayen fasil pou yo jwenn enfòmasyon ak sèvis k ap itil yo. Tradisyonèlman, pou fè sa nou te pibliye resous dirèkteman pou konsomatè yo nan uit nan lang yo pale plis yo, anplis de anglè. An 2022, nou te deside teste si resous nou yo te bay rezilta nan reponn bezwen kominote LEP yo nan ede yo jwenn chimen nan difikilte lajan. Pandan lane pase a, nou te fè:

  • Gwoup diskisyon konsomatè nan lang arab, chinwa, kreyòl ayisyen, koreyen, tagalòg, al vyetnamyen pou tande eksperyans moun yo avèk sistèm finansye Etazini an, pwoblèm lajan ki prezante pi souvan yo, ak kijan yo wè gouvènman ameriken an ak CFPB.
  • Entèvyou avèk òganizasyon ki ofri asistans dirèk ak endirèk sou zafè lajan pou konsomatè LEP yo.
  • Tès fasilite itilizasyon sou resous tradwi nou yo pou verifye yo fasil pou itilize epi pou pote enfòmasyon pou estrateji alontèm nou an pou mete enfòmasyon nan lang moun yo pale.

Sa nou aprann

Mwen chaje, pi fasil pou dijere. Patisipan gwoup diskisyon yo pito sit entènèt ki adapte pou aparèy mobil ki gen tèks mwen chaje ak plis imaj oswa senbòl. Yo vle eleman enfòmasyon pi piti, “gwosè ti bouche” sou fòm paragraf pi kout ak ti videyo.

Revizyon prensip yo. Moun ki mwens abitye yo ak jan sistèm labank ak sistèm finansye yo mache nan Etazini bezwen plis enfòmasyon entwodiksyon sou sijè debaz yo. Lè yo pa gen resous nan lang prensipal yo, moun yo pral sèvi ak zouti tradiksyon tyès pati ki pa fyab, sa k ap lakòz yo santi yo twouble ak tankou y ap pote yon pwa senkant lè y ap eseye jwenn chimen yo nan sistèm finansye nou an.

Langaj senp. Tèks tradwi yo kapab souvan difisil pou konprann poutèt mo yo itilize yo twò fòmèl oswa teknik, sitou pou moun ki gen nivo alfabetizasyon pi ba. Lè nou sèvi ak estil pawòl ak redaksyon ki pi mare ak yo, tankou “Taglish” - yon konbinezon tagalòg ak anglè, sa kapab ede simonte pwoblèm sa a.

Anglè pou konparezon. Lè nou ajoute mo referans anglè oswa akwonim ki sèvi souvan nan parantèz sa kapab ede moun yo chèche bon sans mo yo. Epitou, lè nou òganize paj entènèt yo menm jan nan tout lang yo sa kapab ede konsomatè ki pale plizyè lang yo konpare tèks yo

Kijan CFPB ap travay pou chak moun jwenn menm enfòmasyon yo, kèlkeswa lang li pale a

Consumerfinance.gov deja ofri kontni ak resous nan uit lang apa anglè, ki se arab, chinwa, kreyòl ayisyen, koreyen, ris, panyòl, tagalòg, ak vyetnamyen. Bi alontèm nou se ofri konsomatè LEP yo menm eksperyans ke konsomatè ki pale anglè nou yo resevwa a.

Pa konsekan, nou lanse paj dakèy sit entènèt ki fèk refèt nan lang arab, chinwa, kreyòl ayisyen, koreyen, ris, tagalòg, ak vyetnamyen, k ap chèche fè sa pi fasil pou jwenn chimen ou nan zouti ak resous CFPB yo epi pou jwenn plis enfòmasyon sou sistèm labank ak sistèm finansye yo. Paj yo gen ladan yo mo ak akwonim finansye ki sèvi souvan.

CFPB aksepte plent nan 180 lang diferan sou pwodwi ak sèvis finansye, epi paj dakèy ki refèt sa yo ofri eksplikasyon pi detaye sou pwosesis sa a, pou konsomatè yo ka konnen sa pou yo atann.

Nan CFPB, amelyorasyon disponiblite enfòmasyon nan lang konsomatè LEP yo ak moun k ap ede yo nan zafè lajan, rete yon priyorite alontèm e sa se premye pa nou an sèlman. Nou pa ka tann pou nou kontinye travay sa a, pou tout konsomatè yo ka jwenn yon mache finansye jis, konpetitif, san danje, san patipri.

Vizite paj entènèt ki fèk refèt nou yo epi enskri nan lis adrès nou an pou nou ka fè ou konnen lè travay sa a ap kontinye.

Join the conversation. Follow CFPB on X (formerly Twitter) and Facebook .